Lyrics

Wi, oh, yeah! M pa nui pou m ranpe Nòmalman pou m mete w kanpe M pa nui pou m ret san manje Ay! Depi vant ou plen Ann redi pou li, ann redi pou li Ann redi pou lanmou nou an, bebe! Mmmh! Ann redi pou li M pa nui pou m mache toutouni, baby! Pou ke w kouvri M pa gen pwoblèm pou m soufri Pou w souri Ann redi pou li, ann redi pou li Ann redi pou lanmou nou an, bebe! Mmmh Ann redi pou li, oh, baby! Pwomèt mwen avè m w ap ye Lè moman siksè rive Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye Ou pa w bay lòt moun triyonfe Pwomèt mwen avè m w ap ye Lè moman siksè rive Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye Ou pa w bay lòt moun triyonfe Gen sa k ban m gwo gagann, sa ki blo m, m aprann Sa k prezante m malè m pou bonè m Gen sa k fè m pèdi tan m Jwe ak santiman m Fin pwofite m epi y ale M pa ta vle w ban m do lè sa vin chanje Fò w ta garanti m, bebe Espwa m p ap nan dlo si m chwazi fonse Pou m suiv lanmou nou, non, non Oh, cheri! Mmmh! Mwen tou m pa geri Mmmh! Anpil kou, bebe, vi... Ann redi pou li Ann redi pou li Ann redi pou lanmou nou an, bebe Mmm! Ann redi pou li, oh bebe Pwomèt mwen avè m w ap ye Lè moman siksè rive Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye Ou pa bay lòt moun triyonfe Pwomèt mwen avè m w ap ye Lè moman siksè rive Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye Ou pa bay lòt moun triyonfe K-dilak, Be-Be-Bedjine Chak fwa nou choute, nou toujou fè gòl Se... Bonne nouvelle! M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou Apre pou se mwen k nwaye M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou Apre pou s'on lòt moun ki jwaye Kou pyebwa, ann fleri ansanm Menm si l ta fè nwa, ann fè jou ansanm Pou n ka kreye tout sa n te reve, tout sa n te reve Fò w ta kenbe m si pral kilbite, si wè m ta brete Pa kite m tonbe Oh, non, bebe, bebe, bebe, bebe, bebe Pa kite m tonbe Oh, non, bebe, bebe, bebe, bebe, bebe M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou Apre pou se mwen k nwaye M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou Apre pou s'on lòt moun ki jwaye El mágico Pandan... Pwomèt mwen avè m w ap ye Lè moman siksè rive Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye Ou pa bay lòt moun triyonfe Pwomèt mwen avè m w ap ye Lè moman siksè rive Fò w pwomèt mwen avè m w ap ye Ou bay lòt moun triyonfe
Writer(s): Bedjine David Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out