Music Video

Obsede
Watch {trackName} music video by {artistName}

Credits

PERFORMING ARTISTS
Harmonik
Harmonik
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Nickenson Prudhomme
Nickenson Prudhomme
Songwriter

Lyrics

Dlo nan je m p ap sispann koule Sou vye bout papye ke m ape konpoze Sou lorizon m a mete w kouche Desine w ak yon koulè k pa egziste 'Parmi les saints' m a va ekspoze w Pou yo sa ajenou nan pye w Pou yo konnen kiyès ou ye Ou se pi bèl not lè m ap chante Ou se tout kè mwen lè m ap monte Mwen montre jan mwen devwe Pou mwen, ou pa konn sa w ye E tèlman sa fè mwen mal M a pote tout rivyè, tout lanmè Pou w wè jan m obsede Pou mwen, ou pa konn sa w ye E tèlman sa fè mwen mal Sou yon gita dezakode M pral montre w ki jan mwen tonbe Mwen pè e m pa t vle di ou Lanmou mwen gen nan kè mwen ka blese mwen pi fon de jou an jou Mwen pa vle ofanse ou Bèl ti pawòl e powèm, ni dezi mwen genyen andedan mwen Pou mwen, ou pa konn sa w ye E tèlman sa fè mwen mal M pral apante tout rivyè, ni lanmè Pou w wè jan m obsede Pou mwen, ou pa konn sa w ye E tèlman sa fè mwen mal Sou yon gita dezakode M pral montre w, oh-oh-oh Harmonik This obsesion is my confession I found love through your eyes Pou mwen, ou pa konn sa w ye Ni ou p ap janm konnen m obsede This obsesion is my confession I found love through your eyes M a ekri w powèm ki alanvè Invante 'des mots' ki devan dèyè This obsesion is my confession I found love through your eyes Pou mwen, ou pa jan konn sa w ye Ni ou p ap janm konnen m obsede Mwen ekri powèm ki alanvè Invante 'des mots' ki devan dèyè M ka di w lanmou m nan yon lòt verite Tèlman m obsede Dlo nan je m ap fe rigòl sou manton m Lè m ap febli ak tout vye rezon Nan zye w genyen yon labirent Lè m antre, mwen pa janm ka soti This obsesion is my confession I found love through your eyes This obsesion is my confession I found love through your eyes
Writer(s): Nickenson Prud'homme Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out