Kredity
PERFORMING ARTISTS
Zenglen
Performer
Jean Brutus Dérissaint
Ensemble
COMPOSITION & LYRICS
Jean Brutus Dérissaint
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Jean Brutus Dérissaint
Producer
Texty
Mèt kay la leve byen fache maten an
Sa l genyen? Pèsonn pa konnen
Se pa de koze w ap tande
¿Qué pasa con la señora?
Pa ka ri, ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri, ni pale
Se poze pou w poze (c'est quoi ça, hein?)
Pa ka ri ni, pale (quelle affaire!)
Tout moun antrave
Pa ka ri, ni pale
Menm mouch pa sa vole
Ay! Chen jape ap pran kout pye
(Wouw) tout sa k sou wout li antrave
Li dèyè moun pou geri bosko l
Malè w se ou li jwenn
Tout soti pou w gen limyè wouj
Kouri, plim nan bouch
Pa ka ri, ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri, ni pale (¡callate la boca!)
Se poze pou w poze
Pa ka ri, ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri, ni pale (no djòl to talk)
Menm mouch pa sa vole (madanm lan move)
Mèt kay la leve byen fache maten an
Ti krik, ti krak, g on lwa ki pran l
Se pa de koze k ap pale
Mmh!
C'est quoi ça, hein?
Zazou solo
Zenglen
Sa s on amoni
S on senfoni
Alo, Li
Epi nou retounen
(Madanm) yon vye chanson depi m maten (madanm, oh)
Sa l genyen, pèsonn pa konnen (madanm)
Bare anwo bare anba (madanm, oh)
Sa ki konnen pa pase la (madanm)
Pawòl anpil la poko fini (madanm, oh)
Zafè w, ou pot tèt ou vini (madanm)
Sa ki fache, kouri sou li (madanm, oh)
L ap tann ou, po kann ak tout foumi
L ap rele sou ti machann k ap degaje
Jis lòt bò lari a yo ye
L ap di twotwa tounen mache
Bliye si se la li sot achte
Se la tout moun bese leve
Ala madanm babye, mesye!
Defann tèt ou, ou pa bèbè
Woy!
M ap chache Lyonel L
Zenglen
Djaz sa soti lwen, n konn goumen
(Madanm) yon vye chanson depi m maten (madanm, oh)
Sa l genyen, pèsonn pa konnen (madanm)
Bare anwo bare anba (madanm, oh)
Sa ki konnen pa pase la (madanm)
Pawòl anpil la poko fini (madanm, oh)
Zafè w pot tèt ou vini (madanm)
Sa ki fache kouri sou li (madanm, oh)
L ap tann ou, po kann ak tout foumi
Anmwe!
Konpa pou pita, Konpa, Konpa
Oh-oh-oh
Bon
Rekòmanse l ankò
Konpa, konpa, papa! Men Konpa
Written by: Jean Brutus Dérissaint