Credits

PERFORMING ARTISTS
Joel Pierrevil
Joel Pierrevil
Performer
Clyde Duverné
Clyde Duverné
Bass Guitar
Robenson Décius
Robenson Décius
Guitar
COMPOSITION & LYRICS
Joel Pierrevil
Joel Pierrevil
Songwriter

Songtexte

Yeyeyeyeyeye yeyeyeyeyeye
Yeyeyeyeyeyeye
Yeyeyeye
Depi mwen tou piti
M toujou tande yap di
Ak pasyans
Pèseverans
Na va jwenn trip foumi
Chak avan kòk chante
Nou leve n liminen
Lawouze fin tonbe
Se lè pou n al plante
Gwo van soufle
Nou pliye
Nou pa kase
Siklòn pase
Nou tonbe
Nou releve
Tè a tranble
Nou sekwe
Nou ret kanpe
Granmèt lan
S avè nou li kanpe
Lamàn tonbe
Se moman
Pou n rekòlte
Limyè klere
Nan kè sa yo
Ki t ap chèche l
Jou a rive
Wi Pou nou tout rasanble
Rasanble nou prale selebre
Byenvini Zakaday
Zakaday
Kontan wè w Zakaday
Zakaday
Mwen di linivè mèsi
Pou lavi
Ak tout sa l pote pou nou
Byenvini Zakaday
Se pa jodia n ap tann ou
Heyy
Bweson ape koule
Kè nou kontan nap chante
Manje gentan pare
Fèt la prale komanse
Lonè kouzen
Respè kouzin
Kote grandèt yo
Ak tchovi yo
Men gen kichòy
Pa pil pa pakèt
Selebre n pral selebre
Yeyeyeyeyeye yeyeyeyeyeye
Yeyeyeyeyeyeye
Yeyeyeye
Byenvini zakaday
Zakaday
Kontan wè w zakaday
Zakaday
Mwen di linivè mèsi
Pou lavi
Ak tout sa l pote pou nou
Byenvini Zakaday
Se pa jodia n ap tann ou
Yeyeyeyeyeye yeyeyeyeyeye
Yeyeyeyeyeyeye
Yeyeyeye
Written by: Joel Pierrevil
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...