album cover
Forever
album cover
Forever은(는) {albumName} 앨범에 수록된 곡으로 2025년 4월 11일일에 Delicious Tunes에서 발매되었습니다.Hayti Lives
2025년 4월 11일
라벨Delicious Tunes
BPM97
멜로디에 강한 음악
어쿠스틱 악기 중심
발랑스
춤추기 좋은 음악
에너지

가사

Si'w santi'm mize fò'w pa enkiete'w
Mwen pap mouri non
M'ap toujou viv o
Depi mwen fèt map goumen ak bann malveyan Toufe tanbou mwen fè mwen inyoran
Siw wè'm pa pèdi tèt se fòs nan rasin nan
M koute m koute lè granmoun yo pale
Moun limbe yo pale
Moun Bòròk pale
Yo pale yo pale vre
M'ap toujou viv o
Lè'm gade nan je'w m'wè'w pa yon fenyan
Men pouki ou freeze pa fè anken mouvman
Pa kwense bloke se ou'k kontwole tan
Ou mèt tè ou mèt syèl pa pè arogan
Depi'n piti n'konen ki kote'n soti
Nou deside definisyonn ak fason n'aji
Se pou'w kwè nan ou tèt ou pa pè envesti
La lavi nan fiti'w se pou defann kilti'w
Anpil nan yo ap fè sousou vin achte figi'w
Pou yo ranplase'w fe'w tounen enmi peyi'w
Fòs ou gen nan nanm ou se zansèt yo ki beni'w
Nan pye bwa nan lanmè map toujou la
La rivyè nan mòn yo wa koute wwa'm
Gen rekonesans wa va pwoteje listwa'm
Lavi'm kontinye paske'm rete nan memwa'w
Written by: Vox Sambou
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...