Lyrics

Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa) Mwen gen tan anpwazonnen Tout san mwen kontamine Ou gen tan wè sa k rive Ou di pouki se ou k tonbe anba (tonbe anba) An plis ou di m lavi m chaje avèk dram Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou, doudou) Gen lontan m pa enpresyone Li pa fasil pou kè m kase W annik vini, ou tounen nesesite Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priyè ki egzose Ou tankou yon lajan k sere Ke m te m fin bliye Sanzatann, m al twouve Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priyè ki egzose Ou tankou yon lajan sere Ke m te m fin bliye Sanzatann, m al twouve Nou pa gen anpil tan Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan Se sa k fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan Sèl mwen ki konn pou ki rezon Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priyè ki egzose Ou tankou yon lajan sere Ke m te m fin bliye Sanzatann m al twouve Si w wè m ap bat kò m devan w Si tout fwa w wè m aji k on ti pantan Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan (pou m fè pedan) M pa fè pwomès tout tan Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman, baby Mwen ak ou fè lesyèl kontan, woy Oh, oh! Oh! Oh, oh! Oh! Oh-oh-oh-ohh! Oh-oh-oh-oh! Oh, oh! Oh! Oh, oh! Oh! Oh-oh-oh-ohh! Oh-oh-oh-oh! Men sa son ben lanmou! Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m! Ti Monarch, ou wè! Wo-oh-oh! Wo-oh-oh! Klass it is, baby! Yes it is, baby! Oh, oh! Oh! Oh, oh! Oh! Oh-oh-oh-ohh! Oh-oh-oh-oh! Oh, oh! Oh! Oh, oh! Oh! Oh-oh-oh-ohh! Oh-oh-oh-oh! Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (Men ki mele m avè yo) Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò (di sa pa gade nou) Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (woyoyoyoy!) Di alèkile Vrè lanmou ra pou twouve Se enterè moun y ap jere Yo bliye l s on bagay ki sakre Jou m avè w sèmante Se sou nou lanmou pral konte Nou pral egzanp limanite, eya-eya-eh! (Doudou, vini mwen ba w siwo) Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò (men sa pa gade nou) Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (sa nou ba yo pote) Yo di m pa gen lanmou ankò, ankò (wo-yoy!) Mwen menm avè nou pa dakò, dakò (ayayayay!) Di alèkile Vrè lanmou ra pou twouve Se enterè moun y ap jere Yo bliye l s on bagay ki sakre Jou m avè w sèmante Se sou nou li pral konte Nou pral egzanp limanite, ye-anh-ye-anh-ye! Doudou, vini m vlope w Oh, oh! Oh! (Wouch!) Oh, oh! Oh! Oh-oh-oh-ohh! Oh-oh-oh-oh! Oh, oh! Oh! (Castel, le roi) Oh, oh! Oh! (Lekòl la p ap ret ban vid, tande!) Oh-oh-oh-ohh! (Sa poko inskri, kouri) Oh-oh-oh-oh! Men sa s on sen sakreman! Ouh! La-la-la-la-la-la-la-la!
Writer(s): Dener Ceide Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out