Lyrics

Konnenl pa fasil pou nou 2 viv yon idil San pa rankontre pwoblèm chagren touman Sou wout nou pran Meduzans interférence refuze ba nou yon chans Yo chita yap opine, yon jan pou fè mechanste Ak 2 kè ki ere Se sèl nou menm ki konn rezon lanmou donnen Ki ka santi nou nan chagren si lanmoun menase Se sèl nou menm ki konnen sa nou pataje Se nou ki gen dwa deside Si nou dwe kontinye Lanmou se tolerans, li mande anpil pasyans Youn aksepte lòt janl ye Ak tou defo tou kalite Gen de moun sa fè plezi, gen de lòt ki vle mouri Lè yo wèn an amoni, yo di ke sa pral fini Se yon moman de foli
Writer(s): Arly Lariviere Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out