Lyrics

Hey baby, I feel so sorry Oh oh oh oh Hey Lè mennaj mwen te gen dizwit an, Yon gwosès met pye nan neglijans Pawòl anpil presyon paran Te fè n kwè l pat pare pou l manman Manzèl te toujou reve pou l ta ban mwen yon bebe Men m pat ko gen maturite, te pè reponsabilite Mwen tonbe bal presyon pou l fè dilatasyon Pou mwen se te sèl solisyon Men depi sa fin pase, konsyans mwen pa janm dòmi Wi chak fwa m wè yon bebe, I feel so sorry I'm sorry, I'm sorry M pot ko konprann lavi I'm Sorry Woy K L A S S - Klass nan vil la M ap tann nou tout Oh oh oh oh oh oh Guito zanmi m, aya man Ay mwen di lè timoun nan pral tonbe, li pral avòte Menm nan klinik avè l mwen pate ale Mwen te rete ak zanmi m, panse m se bon jennjan Ala bagay ki lèd se lè on nonm inyoran Moman l te plis bezwen prezans mwen – li pat ka jwenn mwen Se lè sa m dezète l, lè sa m ret pli lwen w Li te ka pèdi lavi l, avòtman gen peril Mwen pa konn kite w ye, cheri si wap tande Mwen mande padon Cherie Konsyans mwen soulaje Klass nan vil la Oh oh oh oh oh oh oh oh Fè lanmou pa gen aksidan tande Kijan w eksplike se aksidan l ye Si pa genyen vyole, si kòdon w pa chire - Neglijans li ye Gen de vi k gache, jete l gen danje Si se timoun ou ye prefere w evite Timoun koute chè – si w pa pare Di m kisa w pral fè – si w pa pare Vi w ka gache – si w pa pare Vi pa l an danje – si w pa pare Li pa mande fèt – si w pa pare Pito w mete chosèt – si w pa pare Fè atansyon – si w pa pare Pran prekosyon – si w pa pare Pa vin di m se aksidan Kijan w eksplike se aksidan l ye Si pa genyen vyole, si kòdon w pa chire - Neglijans li ye Gen de vi k gache, jete l gen danje Si se timoun ou ye prefere w evite Timoun koute chè – si w pa pare Di m kisa w pral fè – si w pa pare Evite bon – si w pa pare Pase mande padon – si w pa pare Li pa mande fèt – si w pa pare Pito w mete chosèt – si w pa pare
Writer(s): Long Metrage Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out