Lyrics

Antouraj ou di m m son ti frekan Ou sot nan on klas sosyal diferan Sa pa anpeche nou fè dife pran Sitou lè w avè m map ouvè kò m tankou on ti pedan Cheri ou fè m vin romantik Ou fè m santi m byen m paka ba w manti Ou wè avè m ou pa gen avni Ou gentan ranplase m ak on lòt san ou pa mande m avi m Cheri w son fanm marye Mwen son varye se wonn nan m te vin gaye Mwen pat vin pou m rete M toujou di fò m remèt chak fwa m prete Se pa vle m pa vle avè w Se pa renmen ke mwen pa renmen w Cheri n pa ka ansanm Cheri n pa ka ansanm Se pa vle m pa vle avè w Se pa renmen ke mwen pa renmen w Cheri n pa ka ansanm Cheri n pa ka ansanm Mwen te fin abitye mwen te menm adikte Men se domaj ke nou pap ka soude Mwen son fanm marye mari m dwe respekte Se mwen sosyete a gen pou l kondane Mwen yap kondane Mwen yap imilye Yo pap aksepte paske se fanm mwen ye W konn jan sa ye jan yo konn jije m Tanpri ann kanpe cheri m pap kontinye Non nou pap ka ansanm se vre ou nan san m M ta vle n ansanm men fòk mwen pran san m Se on ti moman nou de te aksepte Se on kont defe ki pa reyalite Se pa vle m pa vle avè w Se pa renmen ke mwen pa renmen w Cheri n pa ka ansanm Cheri n pa ka ansanm Se pa vle m pa vle avè w Se pa renmen ke mwen pa renmen w Cheri n pa ka ansanm Cheri n pa ka ansanm Renmen sonje w sa deranje kwè mwen si ou vle Se ou ke mwen te vle menm si sa pat ka mache Mwen sonje w tou M pa baw manti m kwè nan nou m kwè nan lanmou M pa konn pouki nou pa ansanm ankò M te sou fè bagay serye men ou potko pare Se jwe ke w te vle jwe e laj ki tap monte Don't hate the player hate the game Menm si nou pa ansanm love la still ret the same Le n kwaze nan lari n ava souri Na sonje n te genyen yon love story Wa va yon bèl souvni, yon kado k pap louvri Na va kontinye viv lavi n men cheri Se pa vle m pa vle avè w Se pa renmen ke mwen pa renmen w Cheri n pa ka ansanm Cheri n pa ka ansanm Se pa vle m pa vle avè w Se pa renmen ke mwen pa renmen w Cheri n pa ka ansanm Cheri n pa ka ansanm
Writer(s): 0, Cedric Casseus Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out