Lyrics

Alo! Kòman w ye? Gen lontan w ap rele m, w ap rele m lontan Di m kijan ou ye? Men di m kisa ou vle, m wè w rele m souvan Mwen pa santi m byen, cheri, ou manke m Absans ou nan vi m vrèman toumante m M wè w ap ekri m "Je t'aime", pa di m sa Pa voye nuit pou mwen, m pa sou sa Nan kè m, w ap toujou ret yon powèm Men nan lavi m ou toujou pote pwoblèm Cheri, pa di m sa, pa di m sa M konnen m te twonpe w, padone m pou sa Cheri, pa fè m sa, pa fè m sa Dan konn mòde lang, yo pa kite pou sa M pa rayi w, men m pa renmen w ankò M pa vle wè w, m pa vle w nan vi m ankò, no M jwenn moun pa m lan M ap priye Bondye pou l fè w jwenn moun pa w la Cheri, se ou ki moun pa m lan Ou ki moun pa m lan, ou ki moun pa m lan (no) M ap priye pou ou Priye pou ou pou jwenn moun pa w la M ap priye pou ou Priye pou ou pou jwenn moun pa w la M ap priye pou ou, bebe Si w vle, n ka toujou ret zanmi, bebe M ka toujou la pou ou, bebe Lè w vle, w ka toujou ban m bri, bebe Ou konnen m renmen w, m pa vle zanmi w Mwen vle avè w, m vle nan vi w M vle anbrase w, bebe, m anvi w M pa konn ki sa m t ap bay pou m retounen nan vi w Lè w ap monte bekàn, cheri, fò w pridan Se pa sou tout wout pou fè de gidon Pou nèg ou te kite m nan, ou konnen l pa t pi bon Ou kite ji natirèl pou vye sapibon M ap priye Bondye pou l fè w jwenn moun pa w la Cheri, se ou ki moun pa m lan Ou ki moun pa m lan, ou ki moun pa m lan (no) M ap priye pou ou, priye pou ou pou jwenn moun pa w la M ap priye pou ou Priye pou ou pou jwenn moun pa w la Lanmou fèt pou mwen, menm jan tou l fèt pou ou M ap mande Bondye pou l ka fè w jwenn lanmou Menm si pa fèt pou mwen, w ap jwenn yonn ki fèt pou ou Se nan mezire pou konn sa k bon pou ou Cheri, pa di m sa, pa di m sa M konnen m te twonpe w, padone m pou sa Cheri, pa fè m sa, pa fè m sa Dan konn mòde lang, yo pa kite pou sa M ap di w mèsi paske w te kite m Kounyeya ou ouvè je m, ou wè w pa t merite m Lè m te bò kote w, ou toujou ap imilye m Pran m pou sekirite w, kounya, pa vin pile m M ap di w mèsi paske w te kite m Kounyeya ou ouvè je m, ou wè w pa t merite m Lè m te bò kote w, ou toujou ap imilye m Pran m pou sekirite w, kounya, pa vin pile m, no-o-o M ap priye pou ou, priye pou ou Pou jwenn moun pa w la Menm si w te fè m mal, m p ap mande mal pou ou Priye, priye m ap priye pou ou M ap mande Bondye, yon jou, fò w jwenn moun pa w la Priye pou ou Menm si w te fè m mal, m p ap mande mal pou ou M ap mande Bondye, yon jou, pou l fè jwenn lanmou
Writer(s): Lord Wensky Jolissaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out