Lyrics

Durkheim (Mhm) Maten an Mwen leve m santi m about Ak tout sa yo ak tout santiman k kout Pou jan mwen santi ti kè mwen menase Mwen wè jan n bèl pa janm dire Love etènèl e manti l ye À vrai dire mwen santi mwen vle dekouraje Men jodi an m raple m son limyè Lè map gade jan m bèl devon miwa E tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre (Mhmhmhm) Sof lanmou m kap rete Sof lanmou m kap rete Ahhhh Sof lanmou m kap rete Sof lanmou m kap rete Ahhhh Souvan dlo koule nan je mwen Pou jan m bay e jan m goumen Lè m byen gade se mwen k tap fòse Wi souvan m te toujou ap bougonnen Mwen te mal e m tap di m byen Lè m byen gade se mwen k te sousye Wi m konn renmen Paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w Se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen Si lanmou wi si l ap tounen si l ap tounen Wi m konn renmen Paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w Se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen Si lanmou wi si l ap tounen si l ap tounen Mwen te sispann pè pèdi w E konprann ke mwen son grande perte tou Konn valè m ase ap fè m wè m vo plis E pa konfonn sak pa bon ak gou Ouuuuuuu Non mwen pa koupab menm si m ap soufri mwen pa dwe janm di e kwè Ke mwen p ap kapab rive lwen san li Se vre m ap pè pou m pa reviv tout sa k te ka fè mwen Santi mwen tris ak met dlo nan je m trop près E si tout sa yo ka rann mwen pi fò Ohh ohhh ohhhh ohhh Wi mwen kwè nan mwen Wi mwen kwè! M p ap sispann renmen Wi mwen kwè! M ap renmen m pi plis chak jou Lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou Wi mwen kwè nan mwen Wi mwen kwè! M p ap sispann renmen Wi mwen kwè! M ap renmen m pi plis chak jou Lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou Men jodi an m raple m son limyè Lè m ap gade jan m bèl devon miwa E tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre (Haaaah) Sof lanmou m k ap rete (Sof lanmou) Sof lanmou m k ap rete (Sof lanmou) Ahhhh Sof lanmou m kap rete (Sof lanmou) Sof lanmou m kap rete (Sof lanmou) Ahhhh
Writer(s): Durkheim Louis Ii Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out