Lyrics

Premya fwa jem tonbe nan je li Touswit m santil pou mwen Efe' sa m paka esplike li Son fo's ki two'p pou mwen Men se yon lanmou ki gon gou diferan Son lanmou k sweet Ki rann mwen gouman Saw banm lan okenn imen pa meritel E w ban mwen l san mezire Ou te'lman plen ke'm ak on lanmou ki dousss Fe' lo'lo'j mwen vire Vire vire Yon lanmou k tre' sikre Sikre sikre Son dous makos M kole e mpa kapab bouje Ou gou douse' Pyem kite te', ke'm palpite Nou me't bal tout defo Plis nap pale plis map eme l Lanmoul dous kou siwo o I just can't get enough Saw banm lan okenn imen pa meritel E w ban mwen l san mezire Ou te'lman plen ke'm ak on lanmou ki dousss Fe' lo'lo'j mwen vire Vire vire Yon lanmou k tre' sikre Sikre sikre Fe' lo'lo'j mwen vire Souse sire't niche babinn Wi mrenmenw Tout lot saw tande se bobinn Wi m renmenw Santimantalman msoufri dyabe't sikre Mkontan tankou timoun kap manje dous nan yon lakou rekre Msoufri anemi twop move lanmou ki bwe sanm M'make twop pa sou plas Yon seri move chwa ki bwe' tanm Jodia mwen vin poze tou dousman Nan de pla men ke'w ki dous tankou yon dous mant M pase two'p lanmou peze souse Jodia map chach'on lanmou ladous ki vyen kenep M pase two'p lanmou mache prese Jodia mvle yon lanmou twoubadou anba fene't Mwen vin ofriw yon lanmou dous le't Yon lanmou pwop leje' Yon lanmou gout le't Mwen vin ofriw yon lanmou san ziko's Yon lanmou san repwo'ch Yon lanmou dous mako's Saw banm lan okenn imen pa meritel E w ban mwen l san mezire Ou te'lman plen ke'm ak on lanmou ki dousss Fe' lo'lo'j mwen vire Vire vire Yon lanmou k tre' sikre Sikre sikre Fe' lo'lo'j mwen vire
Writer(s): Desire Vanessa Dabel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out