Lyrics

Mwenm menm avè w gen twòp ane n ap chita ansanm kòt a kòt Fason youn bay lòt afeksyon pèsòn pa ka di love sa twòp Kaye w se kaye m, kreyon m se kreyon w Ou fin gate m nan voye bèl ti mesaj nan akòdeyon Nou medite ansanm, nou etidye ansanm E n gen pou n tann lè egzamen rive pou n revize ansanm Menm lè je n sou tablo men w nan men m anba ban an Oh! Bondje gade yon bèl kado ou banmwen san lajan Aprè lekòl pou n al travay mat a fizik E gen pou n fè ti koze ba w ti konsèy kou papa ak pitit Se oumenm mеnm ki fè m konn definisyon mo k rele lanmou Dеpi m genyen w bò kote mwen m pa konn sa yo rele grangou Se premye love nou Istwa nou pap janm bliye love nou Se la nou te kòmanse klas nou Se te andwa prefere n Rann pou modèl Love nou te ansenye Se premye love nou Ki tankou yon conte de fée Love nou Se la rèv nou kòmanse lanmou lekòl Se te standa prefere n lanmou lekòl Pou kè nou degaje Depi nan pòt la je m tonbe nan je w ou gentan ap souri Menm lè m pat anvi rantre nan sal la rega w, gentan fè m soumi Lè m apwoche w sant pafen w fè m sanble moun ki sot pran nan foumi Mwen pa anvi lache w yon may pou m pa pran nan kouri Nan rekreyasyon ou toujou bò kote m Menm lè pou m fon ti redaksyon fòk ou vin nan panse m Se sak banm fòs pou m fè devwa m pi byen Rèv mwen, se monte avè w nan lòt klas pou lanmou n al pi lwen Siveye lè m sou tablo nan klas la pou m pa fè erè Lè w ap gade m jan w di m je t'aime menm pwofesè a pa ka wè Tout zanmi m ap tcheke w san reflechi se mwen w chwazi M pa gen laj pou m konpran si se pou ou yo banm lenmi Se pa ti mizè lanmou lekòl sa pote pou mwen Jalouzi ti zanmi dèfwa konn fè m pete goumen Aprè lekòl rive lakay nan telefòn nou pale Nenpòt bri pye w tande kouri fèmen san w pa di m w ale W se camarade de classe mwen Ansanm pou nou chita pou lòt jènjan pa pran plas mwen M pap absan ni anreta Renmen w se premye devwa ke mwen redije au propre Beze w sèl lèt orevwa la pòs livre san anvlòp M konnen pa premye kondisip k ap ba w kout boulèt powèm Men tankou Jan m vle sèl disip "le doux Jésus aime" Depi se ou ki sou tablo a tout kò m gentan humide Pou m avanse se sèl pa do beby ou konnen m timid Admire w chak jou nan klas la sèl sa m gen kòm épreuve Yon ti bizou sou bouch seulement sifi kòm yon preuve Pou m ka wè w m leve chak jou m rayi konje ak grèv Si Bondye pran m pou Adan se ou l chwazi kòm Èv
Writer(s): Knaggs Rosevelt Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out