Lyrics

Stella#1 Nou tout konnen lavi m pa fasil Nout tout ka wè jan doulè m anpil Mwen tande n'pa Mande sa mwen fè m'pa peye Eske m'ap kap sipòte sèl sa m'ka di se Lespwa fè viv M'ap fè tout sa ki posib pou moral mwen ret djanm Lespwa fè viv Tout otan m'ap respire m'ap pèsiste Mwen pap bliye sa papa m te konn di m Nan lavi pwoblèm pap janm fini Se feblès ou tout tan ki kite yo pran pye E se kouraj ou sèlman kap ede w lite Ah wi... Lespwa fè viv M'ap fè tout sa ki posib pou moral mwen ret djanm Lespwa fè viv Tout otan m'ap respire m'ap pèsiste Mwen pap pèdi batay Nou gen pou n banm rezon Se la nou ye, nou gen pou n wè Pa parèt pwent tèt ou, parèt tout kò w Men konpa! Mwen paka fè tout lavi m ap soufri Sa pa fè sans pou m kondane Mwen paka fè tout rès vi m ap plenyen Mwen gen konfyans m'ap delivre Lè pa m nan sou wout l'ap rive Jou pa m nan, mwen la m'ap gade Tan pa m nan, se li m'ap veye Mwen garanti w lavi m pral bèl Pa parèt pwent tèt ou, parèt tout kò w Men konpa Alo Garry Pierre-Paul Charles Pwoblèm pap janm fini Pwoblèm pa janm fini Depi pa gen lafwa Ou gen pwoblèm sante Ou gen pwoblèm finans Pwoblèm santimantal Se lafwa k pou sove w Ou gen pwoblèm fwaye Pwoblèm spirtyèl Yon pwoblèm ki fatal Se sèl lafwa ki pou sove w Just believe Ou wo, ou wo (rpt) Pwoblèm pa janm fini Depi pa gen lafwa Pap janm fini, depi w pa gen lafwa Lafwa nan Bondye
Writer(s): Monique Langlais Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out