Lyrics

Paske ou wè m renmen w wap PWOFITE de feblès Mwen Mpat janm konnen Yon jou ou te lapli nan sechrès Mwen Tout Saw te fè pi byen se pran plezi nan detrès Mwen Gen Yon lòt moun ki pran ka m mwen pa bezwen w pou mètrès Mwen Non... Pa mandem poum padonew (cheri m pap padone w) Pa mandem poum padonew (cheri m pap padone w) Ou fèm twòp, ou fèm twòp Ou fèm twòp, ou fèm twòp Paske ou wè m renmen w wap PWOFITE de de feblès Mwen M pat janm konnen Yon jou ou te lapli nan sechrès Mwen Oh... Cheri, ou te di w pap afichem paske m pa bòlèt Bondye wèw tande! Pap pran sa nan men w, madanm!!! Pataje pataje Antouka, game kap fèt Eya non non Chak fwa pou banm tan w toujou Toujou gon bagay serye wap regle Men m te jwenn Yon lòt moun pou konsole m Li te la pou mwen lè w tap meprize m Mwen rekòlte lanmou, avèk li Mwen Santi m alèz Mwen regrèt sa pou ou, avèk ou Mwen te nan falèz Pa mandem poum padonew, konsyans ou pat janm klaksone w W te repouse m chak lè m apwoche w, w te plen lòt pò pou akwochte w Pito w pat janm renmen m men w te respekte m Gon lòt moun ki pran men m, ou pa bezwen menm espere Pa mandem poum padonew (cheri m pap padone w) Pa mandem poum padonew (cheri m pap padone w) Ou fèm twòp, ou fèm twòp Ou fèm twòp, ou fèm twòp Paske ou wè m renmen w wap PWOFITE de de feblès Mwen M pat janm konnen Yon jou ou te lapli nan sechrès Mwen Oh...
Writer(s): Bedjine David Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out