Lyrics

Toujou nan telefòn nou konvèse N'ap pataje de bèl ide Nan vwa m m'santi yon hit ak bèl pawòl Bèl melodi pou m fredone Yon danre ra k' pa pouse tout kote Mwen ta renmen rekolte Pou ou m'pap janm sispann ekri, chante Jiskaske souf mwen koupe Yon ti suk k' pa detenn se sa ou ye Yon fanm ki ka jere 'on fwaye Mwen vle jwi karaktè w, vle bò kote w Vle pran sant kò w jou kou lan nwit Avè w vi m pwolonge dix ans de plus Fache avè w m'bay dlo tankou lapli Cheri se ou menm ki ban mwen lavi Evite m tout gwo maladi Lanmou janbe katye, li janbe dlo Kèlkeswa kote nou ye, lanmou ka triyonfe Depi nou konvèse, nou ka kenbe Se lanmou ki fè n kanpe, lanmou ki dirije Se toujou konsa, toujou gen ti joure nan yon relasyon Sitou lè n pap viv menm kote Yo toujou vle pou boykote lanmou Se poutèt sa fò n toujou goumen pou n jwenn yon solisyon Nou gen pou n fè moun sa yo wont cheri Lanmou sa a garanti Cheri fò n f'on ti dyaloge Oh oh Lanmou janbe katye, li janbe dlo Kèlkeswa kote nou ye, lanmou ka triyonfe Depi nou konvèse, nou ka kenbe Se lanmou ki fè n kanpe, lanmou ki dirije Tande Yo di lanmou pa janbe dlo Se janm vre Relasyon konsa se fado Se janm vre Cheri padone yo souple Se janm vre Pou mwen se inosan yo ye Yo di lanmou pa janbe dlo Se janm vre Relasyon konsa se fado Se janm vre Cheri padone yo souple Se janm vre Se inosan yo ye Lanmou janbe katye, li janbe dlo Kèlkeswa kote nou ye, lanmou ka triyonfe Depi nou konvèse, nou ka kenbe Se lanmou ki fè n kanpe, lanmou ki dirije
Writer(s): Olivier Duret Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out