album cover
VAR
album cover
VAR was released on December 15, 2024 by Dis-leur as a part of the album VAR - Single
December 15, 2024
LabelDis-leur
LanguageFrench
BPM93
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy

Lyrics

M ap gade nou k ap chache m pandan m nan mond mwen pou kò m
Mwen m pa tizè twòn, pa nan fè foli pou kouwòn
O.B.
Yow
Dis-leur qu’ c’est Ä-S-H-H
[...]
Dep nan foto m gentan wè l son red flag
M di poko ta sanble l s on tèt chat
M tande gwo mo, m bouke tande rès fraz
Gentan tchotcho, sa l bezwen se vèt la
Yow
M p ap choute si m konnnen n pral gade nan VAR
Mwen lè m fè frap pa dwe gen dout sou gòl
Nan bay koutmen yo rale m anba
Nan vale manba, n mache akize pistach sou tout djòl
M konnen gen demon men fò m mache lannuit
M konnen m gen rezon men tò m ta vle manti
Pou sa m redi a venn bouda m, m lib pou m depanse l
Si yè m te fon vye chwa m lib pou m repanse l
Moun p ap ranse nan tèt mwen
Pa gen baryè lib, mwen k pou bò w envitasyon
moun p ap danse nan fèt mwen
M pa bwè dlo n pou m pa prete bouch
M p ap kenb’ anyen sou kè m, si m ka pran gòl fò m di veye touch
Lè m gen tò, m gen tò, m pa jwe wòl viktim
Lò w son lò, w son lò, kit ou san vitrin
Si menm zòrèy ka wè l frè m e pa ta je
Shout out a tripotay ki renmen pataje n
Tèt la gen cheve men l pa gen boulgogo
Twòp nèg fè nou danse, ban m rape pou n dodo
Koto w mete pye w oryante pakou w
Mwen m respekte soulye donk m pa met tout boyo
Te panse lò fasil, m pral fè n renmen bwonz
M ap kite n fè 2 gòl lè m ap mennen onz
Timoun nan pa pale men l ka grennen zons
M poze m, m p ap di m pi fò, sa ka mennen kont
On ti kras tan nan rap m gentan gen pitit
Sa k di ÄSHH ekri track nan mond envizib
Nèg san mind paka gen lyrics
M ekri track, mete ad, mete back, sèlman 20 minit
Tankou bal mawon k pete tèt
Lanmou te chwazi pou l rete kè m, si n ka ede m prete kèk
Avan n te tankou pijon kounya n teke bèk
Rèv la se te mwen avè w vizite Québec
M ap chache gerizon nan men machann pansman
Kè brize **** vye rigwaz
Mwen m p ap teste 3 fwa depi w pa ban m randman
M vin enpasyan kou wè Jina k ap pase 7 mirak
Nèg yo pran pòz jis pou kamera
Nèg yo vann glòs jis pou bare fa
M fè gòl malgre baleyay
M pa kwè nèg sou pawòl, twòp diskou maleyab
Mwen m bouke ban n zikòs malgre n te bare mab
Karyè m p ap kanpe sou bòz dayè m pa fimen
Gen tout moun chante w pa vle di mizik ou touche nanm
Di yo byen m s on alimèt ki jis pa limen
Jou m pase ou mèt fè m konfyans m ap menm boule van
M dousman
Men m pa poze tout tan ****
Nan tout sans
M ap bann gòl nan tout kan ****
Koufran, m ka met sa yo tout jan
Lè m kanpe sou boul, pa nan gad nan VAR yo di w pran l ****
M dousman
Men m pa poze tout tan ****
Nan tout sans
M ap bann gòl nan tout kan ****
Koufran, m ka met sa yo tout jan
Lè m kanpe sou boul, pa nan gad nan VAR yo di w pran l ****
Written by: Deb Ashley Nerestil
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...