Lyrics

Lotrejou, la nan gonayiv Emod avè m te tou piti ap jwe ak liv Nou t ap reve yon jou n pral vwayaje Al jwe mizik aletranje Pa kite moun di w se manti Ou pa dwe reve chato lè w nan kay pay Papi move, manmi fache Koupe sa sèk mizik pa voye nan mache J'ai vu l'enfer goûter au paradis Sur le dos de ma mélodie Pa kite moun voye dlo sou dife w Rèv ou se manman reyalite w Ouh! Gade papi Gade papi Gade papi Sa pa pi mal Ah-ah! Gade papi Gade papi Gade papi Sa pa pi mal Dibedou men m Wagadougou Ou di se chans, men mwen ka di w s'on jwèt pasyans Lòm fè avyon, lòm kreye piramid Lespri nou sèl ka limite n Pa janm doute sa w ap swete jodi Demen pral tounen reyalite w Ouh! Gade papi Gade papi Gade papi Sa pa pi mal Ah-ah! Gade papi Gade papi Gade papi Sa pa pi mal Lè w wè jwèt la mare Fò w pa dezespere Pa dekanpe Pa lage Pa kite yon move kou Chanje wout ou Fò w pran pasyans Pinga pèdi konfyans Chak zetwal klere jou pali Pa kite yon move jou chanje wout ou Gade, papi Gade, papi Gade, papi Sa pa pi mal Eh-eh! Gade, papi Gade, papi Gade, papi Sa pa pi mal Se pa reve m ap reve Se lavi mwen m ap chante Lè w chante yo ban m pou ou Fòk ou toujou reve rèv ou Ay! Lè sa pi di Lè w ap pèdi tèt ou Ah! (Kenbe la) Fò w gen konfyans (kenbe la) Fòw gen pasyans (kenbe la) Fòk ou travay (kenbe la) Fò w gen kouray (kenbe la) Epi priye (kenbe la) Epi priye (kenbe la) Epi priye (kenbe la) Epi vizyalize (kenbe la) Fòk ou kenbe (kenbe la) Fò w pa lage (kenbe la) Fòk ou reve (kenbe la) Fòk ou reve Fò w reve Fò w reve Fò w reve Fò w reve rèv ou, tande! Fò w kenbe Fò w kenbe Kenbe, pa lage Fò w kenbe Kenbe, pa lage Fò w kenbe, pa lage
Writer(s): Emeline Michel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out