Lyrics

Chak fwa mwen wèw Se tout rèv mwen te fè k'ap defile devanm san rete Sanlè depale Chak fwa mwen wè w Se tout chimen memwa m ki remonte nan je m k'on dlo ble Syèl la chavire Oh oh oh oh oh Chak fwa mwen wè w Tout zetwal ki nan kè m Fòme yon boukan pou ou Yo rele l lanmou (rele l lanmou rele l lanmou) Chak fwa mwen wè w Tout venn ki nan kòm Tounen yon rivyè wouj Tanpri pa kite m (pa kite m pa kite m) Syè'l la chavire OOOO Ooooo Minwi bare m pou kòm asye a sou pòtay Banm yon ti kout kleren pou m neye chagren (chagren) Malgre tout sak pase mwen pap janm ka bliye w Se ou sèl mwen renmen ou menm sèl fanm dous mwen Malgre tout sa k pase doudou Pa p sa bliye w, se ou sèl mwen renmen Sèl fanm dous mwen Malgre tout sa k pase doudou Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen Sèl fanm dous mwen Lè swa lè m pral dòmi Mwen met non ou anba zorye m Tout rèv mwen anvi fè yo tout sanble avè w Lè maten lè m leve cheri Avan menm mwen bwè kafe Se non w ki rechofe m Ou peple tout panse m Malgre tout sa k pase Malgre tout sa k pase doudou Pa p sa bliye w, se ou sèl mwen renmen Sèl fanm dous mwen Malgre tout sa k pase doudou Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen Sèl fanm dous mwen Gad jan'm stuck stuck stuck on you baby Malgre tout sa k pase doudou Pap sa bliye w se ou sèl mwen renmen Sèl fanm dous mwen Malgre tout sa k pase doudou Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen Sèl fanm dous mwen Malgre mizè m pase – pap sa bliye'w Dlo anvayi tout je m doudou Yo mèt di'w ranplase'm poum bliye'w Map monte maswife cherie Malgre tout sak pase doudou Pap sa bliye w se ou sèl mwen renmen Sèl fanm dous mwen Malgre tout sa k pase doudou Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen Sèl fanm dous mwen
Writer(s): Georges Alan Cave, Ernst Cave Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out