Lyrics

Kreyòl la Pou Ayiti Sa k ap viv gen yon istwa pou rakonte Men nou chak gen yon sikatris k ap rete Lè nou tout nou sonje moun pa nou k ale Si n ap viv, se yon misyon Mwen p ap kite w dèyè ann ale Bondye bay, Li repran Frè mwen, siye dlo nan je w Mare senti w sere Fè m pwomès pou n kenbe E si youn nan nou febli N ap fè tankou fanmi Mete men w sou zepòl mwen M ap mete men sou zèpòl ou Leve Ann ale Bondye bay, li repran Men Li te vle n sot vivan Gen nan nou k fè 15 jou vanyan Anba fè ak siman Kwè m, si w vle, gen yon rezon Ayiti an avan Mete men w sou zepòl mwen M ap mete men sou zepòl ou Leve Ann ale Se nou tout ki pèdi sa n redi pou n konstwi Gade nou san abri, nan lari n ap dòmi Ansanm, nou pataje Tout doulè k ap manje n Lè m kriye, ou konsole m Van renesans lan soufle Rele tout moun vin ede nou Tout sa nou jwenn n a sanble bout pa bout n a kole li E lè peyi n fin kanpe N ap fè mesaj sa pase N a va di yo 'terre promise' la rele (Ayiti cheri) (Ayiti cheri) Ann al opa pou n repiye, rekòmanse (Ayiti cheri) Lapriyè pou n kenbe Bondye bay li repran (Li repran) Frè m, siye dlo nan je w (siye dlo nan je w) Mare senti w sere Fè m pwomès pou n kenbe (kenbe) E si youn nan nou febli (e si w ta febli) N ap fè tankou fanmi Mete men w sou zepòl mwen M ap mete men sou zepòl ou Leve Ann ale Bondye bay, li repran Men Li te vle n sot vivan Gen nan nou k fè 15 jou vanyan Anba fè ak siman Kwè m, si w vle, gen yon rezon Ayiti an avan Mete men w sou zepòl mwen M ap met men sou zepòl ou Leve, Leve, leve pou n rebati yon lòt pi bèl peyi (Ayiti cheri) (Ayiti cheri) Tout moun met men, piti kou l ye Fò nou ede (Ayiti cheri) Avèk fratènite, mete kanpe (Ayiti cheri) Bondye bay, li repran Men Li te vle n sot vivan Gen nan nou k fè 15 jou vanyan Anba fè ak siman Kwè m, si w vle, gen yon rezon Ayiti an avan
Writer(s): Inconnu Compositeur Auteur, Hantz Mercier Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out