album cover
Lakay
20,370
World
Lakay was released on January 1, 2000 by Sonodisc as a part of the album Sans Limites
album cover
Release DateJanuary 1, 2000
LabelSonodisc
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy
BPM89

Music Video

Music Video

Credits

PERFORMING ARTISTS
Tabou Combo
Tabou Combo
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Tabou Combo
Tabou Combo
Composer

Lyrics

Ayiti ala'm kontan wè'w
Pòtoprens, pou jan m'anvi wè'w
Ayiti ala'm kontan wè'w
Haïtiens, mes frères, pou jan m'te anvi wè'n
Depi ayewopò, mwen santi'm transfòme
Radyo, televizyon, jounalis, tout te vinn rankontre m
Yo soti tout kote pou yo vinn akeyi nou
Mwen te telman sezi, mwen pat menm ka pale
An n chante!
Ala kontan m'kontan aswè a m'nan peyi'm, (Mezanmi!)
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek zanmi'm
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek fanmi'm yo
Ala kontan m'kontan, aswè a m'nan peyi'm
Sikilasyon bloke sou tout wout Montana
Onzè diswa sonnen, n'ateri Chez Harry's
Nou bwè bon Barbancourt, nou manje bon griyo
O! Mèkredi premye mas, s'on jou m'pap sa bliye
A'nn chante!
Ala kontan m'kontan aswè a m'nan peyi'm, (Mezanmi!)
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek zanmi'm (Wi, se vre)
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek fanmi'm yo
Ala kontan m'kontan, aswè a m'nan peyi'm
Ayiti cheri, se ou k' ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fòm retounen nan pye'w
Ayiti cheri, “Perle des Antilles”
Menm si m'al kite'w yon jou fò'm retounen nan pye'w
Ayiti kinan mwen, Ayiti bèl fanm mwen
Menm si m'al kite'w yon jou fò'm retounen nan pye'w
Ayiti cheri, se ou k' ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w
Ayiti cheri, (Ayiti!) se ou-k ban'm lavi (Manman mwen!)
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w
“Perle des Antilles,” Ayiti cheri
Menm si m'al kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w
Ayiti Toma, mon pays cheri
Menm si m'nan Nouyòk Siti, yon jou fò'm vinn dodomeya nan pye'w
Ayiti cheri, se ou-k ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w
Lanèj mèt ap tonbe, fò'm ale travay
Nou bouke!
Li mèt "below zero," m'oblije al ponche
Nou bouke!
Menm si mwen fatige, fò'm al peye "bill" mwen
Nou bouke!
Nou bouke!
Nou bouke manje manje chinwa
Nou bouke!
Nou bouke antre nan tou "subway"
Nou bouke!
Nou bouke bat lè nan faktori
Ayiti cheri, se ou k ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w
Written by: Tabou Combo
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...