Lyrics

Chéri m'gon bagay pou mwen éxpliké'w M'pa kon'n kijan wap pran sa Li importan fo'm di'w sa Mwen gin pou'm alé Nan yon lòt péyi Pou'm al chaché la vi É map lèse'w ici Men mwen pa vlé'w pensé Ke mwen ap bliyé'w lè'm rivé Pa kriyé, pa pleré Lè lanmou ban'n défi Sé fòs ak kouraj pou'n ginyin Pou'n kombat' pou'n lutté Mwen konnin'w rinmin'm Pa gin menti nan sa Men gon provèb ki di "Loin des yeux, loin du coeur" Mwen kontan pou ou Men mwen trè triss pou mwen Ké wap kité'm dèyè Pou'm wap ja abondoné'm Yo di lanmou pèdi Menm mwa dépi li voyajé Nan péyi ki byen lwen Long' distans sé pwazon Pou tout relasyon amoureuz Pa gin manti nan sa Ou pa bezwen pè si mwen ale Se pa kite nou kite Bato lanmou nou paka fè nofraj Paske nou gen gwo vwal Baby i want you to know (I still love you, love you, still love you) Ou pa bezwen pè si mwen ale Se pa kite nou kite Bato lanmou nou paka fè nofraj Paske nou gen gwo vwal Baby i want you to know (I still love you, love you, still love you) Souvan yo di relasyon a distans son malè transparan siw ladanl wap soufri siw kapab fow evitel Yo di fow evitel Mwen vle prouve ke pawol sa pa nan jaden lanmou ke nou plante kap grandi ki fènn damou san rete Cherie ou konnen janm damou'w Souvan yo di relasyon a distans son malè transparan siw ladanl wap soufri siw kapab fow evitel Yo di fow evitel Mwen vle prouve ke pawol sa pa nan jaden lanmou ke nou plante kap grandi ki fènn damou san rete Cherie ou konnen janm damou'w
Writer(s): James Momplaisir Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out