Lyrics

Lanmou sa lou Lè l vle l glise kou kalalou Nan prese vale Dèfwa m pa menm pran gou l Ke m gen tò ke m gen rezon Mwen mande padon M finn fè gwo kòlè Aprè tout sa l vle m fè Yon lanmou ale vini Men m trouve m nan siveye fi Lè l soti pa gen dòmi Tann m ap tann pòt la louvri Lanmou sa pa nan rans Gad jan li lage m san defans Manti ou verite Tout sa yo di m m pa wè m pa tande Zanmi pawòl pa pou ou Sak te di m tonbe damou Pito m t achte l ak dola M pat met tèt mwen nan traka sa Yon lanmou ale vini Menm trouve m nan siveye fi Lè l soti pa gen dòmi Tann m ap tann pòt la louvri Zenglen lifetime guarantee tout tan Cheri si'w paka pote'm pa trennen'm Woy woy woy Tankou kafe anmè ke m ap fòse bwè Kòmsi m t ap dòmi je klè Yon bann vye rèv m ap fè nan chache paradi sou tè Men se ou mwen wè Tankou kafe anmè ke m ap fòse bwè Kòmsi m t ap dòmi je klè Yon bann vye rèv m ap fè nan chache paradi sou tè Men se ou mwen wè Nan kisa m pran la Lanmou sa tankou EDH Pa konn kilè y ap bay Kilè y ap pran l Se pandan w ap pran ti filing Epi yo koupe l sanzatann It's like a heart beat skip It's like a one-way trip I feel like taking chances I feel like going crazy Tankou kafe anmè Ke m ap fòse bwè Kòmsi m t ap dòmi je klè Yon bann vye rèv m ap fè Chache paradi sou tè Men se ou mwen wè Tankou kafe anmè Ke m ap fòse bwè Kòmsi m t ap dòmi je klè Yon bann vye rèv m ap fè Chache paradi sou tè Men se ou mwen wè Nan kisa m pran la Lanmou sa tankou EDH Pa konn kilè y ap bay Kilè y ap pran l Se pandan w ap pran ti filing Epi yo koupe l sanzatann It's like a heartbeat skip It's like a one-way trip I feel like taking chances I feel like going crazy Woy woy woy
Writer(s): Jean Brutus Derissaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out