Lyrics

Tann, se tann, mwen chita map tann Li vire je l' gade nan direksyon m' Malgre tout sa mwen fè pou m'atir'atasyon l' Je l' pase sou mwen, kòm si mwen pat ekziste Tann, se tann, mwen rete map tann Pase men nan chevem, kwaze pyem dekwaze l' Mwen fe ti touse, mwen baye, m'respire fò Kisa mwen fèki fe li paka wèm' Kisa pou m' fè pou l' ka panse avè m' Mwen pa sipòte endiferans won flèch Kwè mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m' Mwen ki te panse, mwen te ilimite Ou se limit mwen, ou fèm renonse Se pa yon bagay, fasil pou aksepte Si m' koute kolè m', m'ap tounnen on danje Lè mwen ap gade ou, je ou lòt kote Lè m' vire m' santi, je ou nan do m' kou dife M'pa fouti konprann, m'ta renmen w'eksplike m' Kisa mwen fèki fe li paka wèm' Kisa pou m' fè pou l' ka panse avè m' Mwen pa sipòte endiferans won flèch Kwè mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m' Mwen eseye tout sa ki ta posib Mwen te panse mwen te yon fanm ki lib Men ou kraze libète m' Ou mache sou lachte m' Lò ou chèche ou twouve Chèche ou toupatou Lannwit kou douvanjou Mwen pa janmen twouve ou Pa tanmen trape ou Ou kache m'pa konn kote ou sere Kisa mwen fèki fe li paka wèm' Kisa pou m' fè pou l' ka panse avè m' Mwen pa sipòte endiferans won flèch Kwè mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m' Tann se tann mwen chita m'ap tann
Writer(s): Murielle Augustin Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out