Lyrics

Ou rele m' twa fwa pa jou W'ap di m' n'ansanm pou toujou Pa okipe sa k'ap met bouch sou nou yo Eske se paske ou panse ke se sa m' vle tande Chak apèl dire twazèdtan Dèfwa m'domi nan telefòn nan Men fòk sa chanje Sinon kòd la ap kase Si w' renmen m' jan ou di'l la Manyen bliye m' monchè Sa pap koute w' chè pase sa Eske se sèl mwen k' wè Poudi se mwen k' lakòz Poudi se mwen k' antò, ankò M'bouke reponn apèl ou, apre minwi M' fatige wè souri ou chak apre-midi Lò mwen louvri pòt la M' santi pou ou m'tounen on dwòg la Fi wap rele kòkòt la Twouve w'anvayi l' twòp la Men fòk sa chanje Sinon kòd la ap kase Si w' renmen l' jan ou di'l la Manyen bliye l' monchè Sa pap koute w' chè pase sa Eske se sèl mwen k' wè Poudi se mwen k' lakòz Poudi se mwen k' antò, ankò Yon obsesyon pou nonm sa Si w' konn jan l'enève m' Lè l' di mwen konsa Cheri mwen fou pou ou Men ka touye pou ou Tanpri bondye di on pawòl Paske san sa map fin fòl Yon obsesyon pou nonm sa Si w' konn jan l'enève m' Lè l' di mwen konsa Mwen fou pou ou Toujou pou ou Men fòk sa chanje Sinon kòd la ap kase Si w' renmen m' jan ou di'l la Manyen bliye m' monchè Sa pap koute w' chè pase sa Eske se sèl mwen k' wè Poudi se mwen k' lakòz Poudi se mwen k' antò, ankò
Writer(s): Murielle Augustin Philippe-auguste Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out