Lyrics

Mmmh! Cheri a Ou te mande pou yon moun ki pou te pran swen ou Ou te mande pou yon moun ki pou pwoteje ou M t ap toujou la pou ou Mwen t ap goumen pou ou Mwen t ap pran bal pou ou san ezite Mmmh! Cheri a Ou pase lanmou anba pye m Ou chire m tank'on papye Depi m pale avè w, ou babye Lè m ba w manje, ou baye Tout sa mwen fè pa janm bon Menm lè w gen tò, m ba w rezon M ap tou remèt demisyon m Love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye Love, gen de jan l vini, l fò w bliye si w egziste Love mwen vle a pa sa Love mwen vle a pa sa Love mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa Baby, tande! lavi a pa mande tout sa Ou genlè pa janm reflechi Pa di m ou bliye gen kama Yon jou, w a wè kisa w pedi Sa w voye m al fè la Sa w panse m pral fè la Mwen k panse w t ap pran tan pou w bliye m Men m wè w afiche nèg ou byen serye Kijan m pral di fanmi m yo (kè m kraze?) M t avè w nan boul figi yo (menm lè yo pat vle) Mezanmi tèt chaje avè w m te vle on bagay serye Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm Love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye Love, gen de jan l vini, l fò w bliye si w egziste Love mwen vle a pa sa Love mwen vle a pa sa Si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la Si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la M ap tou bay lanmou legen Oh, oh, oh, oh Oh, oh, oh, oh Sa w voye m al fè la? Sa w panse m pral fè la? Enposib ki la! Enposib ki la, yes Oh, oh, oh, oh Oh, oh, oh, oh Sa w voye m al fè la? Sa w panse m pral fè la? Oh, bebe! jou m ap wè nou men nan lanmen M ap mache sou ou avèk kè plen M ap f'on ti bo pou ou Ak 32 dan m deyò M ap bay misye lanmen Epi m tou al lakay mwen Pou m al kriye kou timoun piti Pou m al priye pou m bliye tout souvni Tout fo ti kè kontan Tout fo ti fè lanmou yo Yon jou ma va refè, men m tou bay lanmou legen Oh, oh, oh, oh Oh, oh, oh, oh Sa w voye m al fè la? Sa w panse m pral fè la? Love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye (kijan m pral di fanmi m yo) Love, love gen de jan l vini fò w bliye si w ekziste (m t avè w nan boul figi yo) Love mwen vle a pa sa Love mwen vle a pa sa Love mwen vle a pa gen anyen pou wè avek sa Kijan m pral di fanmi m yo (kè m kraze?) M tavè w nan boul figi yo (menm lè yo pat vle) Mezanmi, tèt chaje! Avè w m te vle on bagay serye Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm Love, love
Writer(s): Crystal Flores, Medjy Toussaint, Lord Wensky Jolissaint, Baptista Lugendy St-hubert Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out