Lyrics

DJ a koman ou ye, se premye fwa mwen rele Ti chant sa mwen vle dedye l A you moun ki espesyal Se aktivite mwen li ye, fanm sa se tout sa m' prosede Yo di m' show la rive lwen, mwen swete ke li ap koute Et si g'on auditè ki konnen l, fè l branche Rele l di l gen on chanson ki pral jwe, se pou li M' swete, m' swete li danse Fè l' tande mizik sa, m ta vle ke yo di l' sa Mwen swete, mwen swete li danse Fè l' tande mizik sa, m'espere mizik sa Rive sou li ak fòs Li te toujou konn ak di m' ke mwen gen anpil talan Li di m' ke si m' travay, mwen ka pote anpil fwi Li se fanatik nimewo 1 m', li toujou ap supòte m' Menm lajan pou peye studio, des fois se li ki konn ede m' Sè l bagay m'ap mande l', pou l' danse Lè l' tande m', mwen konnen l'ap renmen music sa ak tout kè l M' swete, m' swete li danse Fè l' tande mizik sa, m ta vle ke yo di l' sa Mwen swete, mwen swete li danse Fè l' tande mizik sa, m'espere mizik sa Rive sou li ak fòs Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen Petèt li kapab kèk kote l'ape koute Depi l' tande vwam' l'ap konnen ki moun mwen ye Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen Petèt li kapab kèk kote l'ape koute Depi l' tande vwam' l'ap konnen Ki moun mwen ye Petèt li kapab kèk kote l'ape koute Depi l' tande vwam' l'ap konnen ki moun mwen ye
Writer(s): Jean Brutus Derissaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out