Lyrics

Nou tonbe, men fò n leve Timoun, sa n di? Nou pral rekòmanse Kanpe, gen yon peyi pou n rekole Se tè manman n, se byen papa n N ap fè kwa, y a vin pile l Timoun, sekwe kò n leve kanpe Sonje nou pa gen lechwa, fò n vanse N ap pentire, bale, wouze N ap triye bon grenn nan laye Tout sa k soti nan lanmou Pa gen danje Ann rasanble, rekonsilye, nan tèt ansanm sekre a ye Ayiti se pa n li ye Ann ba li zèl pou l vole Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite Timoun, sa n di? Fò n rekòmanse Tanpri! Annou pa mache gaye Bouke preche, pa repwoche Pouse manch pou nou beche Veye, anpil je kale ap chache Yon wout pou pwofite lè n divize Ann klotire Ann rebwaze, byen pou pitit nou yo jwi demen Tout sa k soti nan lanmou Pa gen danje Ann rasanble, rekonsilye, se tèt ansanm sekre a ye Ayiti se pa n li ye Ann ba li zèl pou l vole Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite Nou pare? Annou ale Kanpe, kanpe, kanpe djanm! Lavi a pa rekile Fò nou vanse Fò nou vanse We-e-e-e! Ann ale! Se sa! Se sa! Annou ale Devan Tout sa k soti nan lanmou Pa ka deranje n Ann rasanble, rekonsilye, se tèt ansanm sekre a ye Ayiti se pa n li ye Ann ba li zèl pou l vole Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite Se sa Lavi pa rekile Fò n vanse, timoun Lavi pa rekile (non, non, non, non, non) Fò n vanse, timoun (lavi pa ka rekile) Lavi pa rekile Fò n vanse, timoun (non, non, non, non, non) Lavi pa rekile (lavi pa ka rekile) Fò n vanse, timoun Lavi pa rekile Fò n vanse, timoun Lavi pa rekile Fò n vanse, timoun Lavi pa rekile Fò n vanse, timoun Lavi pa rekile (se sa!) Fò n vanse, timoun (se sa!) Lavi pa rekile (se sa!) Fò n vanse, timoun Lavi pa rekile Fò n vanse, timoun
Writer(s): Emeline Michel, Ralph Boncy Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out