Music Video

Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Emeline Michel
Emeline Michel
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Beethova Obas
Beethova Obas
Songwriter

Lyrics

De vaksin, de tanbou Ayisyen anraje Djakout mizè nèg vole Se plezi san rete W ap fè m sa m pa vle Si w fè chapo m vire Pa gen pàn asosye Nan bann n a kwaze Nanpwen tan pou chodyè monte Vant timoun yo ap kòde Demen lè bann ap pase N a bliye vant kòde Wisky, chiken pou yo Kleren, benyen pou nou Si yo voye mayo N a sispann fè wè zo S on wololoy Pou chodyè monte Menm si vant timoun yo ap kòde Kòm demen bann ap pase N a bliye vant kòde Vant kòde, woy Vant kòde, woy Men se sa k ka bay Bèl koudjay, ayayay! Enben, nèg lakay Ann al nan bal pou piyay Si pa t sa te bay Bèl koudjay, ayay! Di m non, nèg lakay Tray ki ta gen lakay S on wololoy pou chodyè monte Vant timoun yo mèt kòde Si demen bann ap pase N ap bliye vant kòde Vant kòde, woy Vant kòde, woy De vaksin, de tanbou Mwen di w moun yo anraje De vaksin, de tanbou Mwen di w tout moun anraje De vaksin, de tanbou Ayisyen anraje
Writer(s): Bitova Obas Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out