Lyrics

Menm si laj mwen janbe kalandriye Kè mwen, kò mwen p ap janm bliye Mwen s on vòlkan k pral reveye Lò zèl ou rive touche syèl mwen Vini Ou konnen pran, ou renmen bay Nou de se byen jwenn byen kontre Ou s on degouden, m s on senkant kòb Pèsonn pa gen pou bay monnen Ouvri pòt bay lanmou rantre Vin pale m de sa w ap reve Pa bloke sou sa k te rive w S on lòt chapit n ap kòmanse Pran men m Mwen prale renmen w Pran chans ou, parye sou mwen Ou se projè m, ou se plan m M pa prese, m ap pran tan m, ouh-ouh Cheri, vini Pran men m Avanse pa kraponnen Pran yon chans, parye sou mwen Pa kanpe, ann al pi lwen Pou ou mwen prale dedouble Yon fanm fatal, yon fanm total Nan tout klas ou, m ap redouble Avè w, m ap fè yon pwen final Pran menm Mwen prale renmen w Pran chans ou, parye sou mwen Ou se projè m, ou se plan m Mwen pa prese, m ap pran tan m, mmmh! Cheri, vini Pran men m Avanse, pa kraponnen Pran chans ou, parye sou mwen Pa kanpe, ann al pi lwen Ou ka lage kò w nan pla menm Ak tout makout tout istwa w Pa kamoufle, pa degize Ou mèt vini jan ou ye Si w te konnen jan mwen pare A de, pou n al eksplore Tout ti chimen lanmou ofri Cheri, pran men m Mwen prale renmen w Pran chans ou, parye sou mwen Ou se projè m, ou se plan m Mwen p ap prese, m ap pran tan m, ouh-ouh Cheri, vini Pran men m Avanse, pa kraponnen Pran yon chans, parye sou mwen Pa kanpe, ann al pi lwen, mmmh! M p ap prese (m pa prese) M ap pran tan n (mmmh) Avanse Vini pi pre(vini pi pre, vini pi pre, vini pi pre, vini pi pre) M p ap prese (m pa prese) M ap pran tan n (mwen pral pran tanm) Avanse (avanse) Vini, vini, vini, vini pran men mwen Mmmh-mmmh! M p ap prese (mwen pa prese) M ap pran tan n (mwen pral pran tan m) Avanse (avanse) Pou m ale renmen w Mwen prale renmen w Mwen prale Renmen w Ouh-ouh-ouh-ouh-ouh!
Writer(s): Emeline Michel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out