Lyrics

Gen moun pou l revandike, li fè grèv li jan li vle Gen moun se lari a yo pran Gen lòt pou l' fè w konprann li, li joure, li tire pye Gen moun se grèv de faim yo fè Nan foyer lakay mwen Lè madanm mwen move, li fè twa jou l' pa pale Sa se yon grèv bèbè Sou mwen l' fè anpil efè Et manmzèl konnen sa bien Dè fwa mwen konn sa mwen di Dè fwa mwen konn sa mwen fè Dè fwa mwen pa menm konn poukisa Grèv bèbè sa torture m et li fè m' mal jouk nan zo Pito l' te joure l' te babye Nan foyer lakay mwen Lè madanm mwen move, li fè twa jou l' pa pale Sa se you grèv bèbè Sou mwen l' fè anpil efè Et manmzèl konnen sa bien Son silence est puissant, et même tout-puissant Li di pou mwen, li fè mwen mal, adye oy Gad'on grèv o, li gen twa jou li pa pale S'on grèv bèbè k' mande anraje Gad'on rèv o, nwit blanch Gad'on rèv o, too much Li gen twa jou depi l boude S'on grèv bèbè k'ap fin avè m' Bagay sa di pou mwen, bagay sa di pou mwen Malgre toujou eseye, m pa renmen fè li fache S'on pyèj ki tan pou mwen Et mwen pran ladan li souvan Erè m yo pa twò gwo, menm fè yo de temps en temps Bagay sa di pou mwen, bagay sa di pou mwen Nenpòt ti kont nou genyen, te gentan pa pale Leswa lè l' al d òmi, ak pantanlon, fas li nan mi Grèv sa pot embargo Nwit blanch yo menm se agogo Gad'on rèv o, nwit blanch Gad'on rèv o, too much Li gen twa jou li pa pale S'on grèv bèbè k' mand' anranje Gad'on rèv o, Eyy Gad'on rèv o, Gad'on rèv Li gen twa jou depi l boude S'on grèv bèbè k'ap fin avè m' Oh non, oh non, oh non, oh non, oh non
Writer(s): Pascal Jeanjacques Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out