Lyrics

Pafwa nou pran lanmou pou jwèt san w pa rannkont li tounen on frèt Si w tande mizik sa ou gen on chans m pral evite w yon move eksperyans M anvi yon fi men se pa lanmou mwen gen pou li Men pou m fè l aksepte m mwen di l sa vle tande Tonbe pou li, se dènye bagay mwen ta swete – epi se sak rive Tel est pris qui croyait prendre li pa janm twò ta pou w aprann Lè metye w se mache bay kou, gon w lè victim nan se pral ou Moman foli, se nan zin lanmou m te gentan pri De semèn ap pase, manzèl pa janm rele Kè m chavire, se nan reflechi m reyalize - Mwen pran nan FKD Mesyedam map bann yon ti konsèy pa di se pawòl anpil Feeling son w bagay ki san parèy tèlman li frajil Bon jènjan, bon flannè, se radòt, lanmou pa janm frape pòt Si m te konn panse konsa avan mwen pa tap pran nan FKD Sa m ap fè la? Sa w ap fè la? Te kwè m te di w entèl son w limyè wouj Huh? Se sa w te vle di, m pat konprann Se pou w te tande Men djaz Ayisyen pa negosye a, leve de menn anlè, Ayiti nap vini Depose konpa Vipip senti l kase, sou kisa? Sou bisiklèt –yo te pale w Ann tande sa yo di la Se konsa bagay yo ye, Lè limyè wouj fòw kanpe pou w pa pran nan FKD Don't cry baby don't cry Yo di w mond sa son w limyè wouj, zanmi poze Bèl lanmou tonbe, de semèn pase, manzèl pa rele – ou pran nan FKD Ou gentan damou tankou moun fou, lanmoun plen tèt ou – monchè ou blaze Ou fèk akouche, ou gen w ti bebe li pa gen papa – ou pran nan FKD Ou dekontwole ou debousole men l gentan twò ta – baby ou fware Se konsa bagay yo ye, Lè limyè wouj fòw kanpe pou w pa pran nan FKD Don't cry baby don't cry Yo di w mond sa son w limyè wouj, zanmi poze Anmwey Zenglen soti pou l dejwe m wi Chire djaz la Helo BS ou pa wè Gamax pou mwen Depose konpa Ebyen Richie fòw eksplike sak FKD a wi Nou ka jere ti sa baby Fe, check it F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la D a demake, li fin konnen l demake F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la D a demake, li fin konnen l demake Bèl lanmou tonbe, de semèn pase, manzèl pa rele – ou pran nan FKD Ou gentan damou tankou moun fou, lanmoun plen tèt ou – monchè ou blaze Ou fèk akouche, ou gen w ti bebe li pa gen papa – ou pran nan FKD Ou dekontwole ou debousole men l gentan twò ta – baby ou fware F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la D a demake, li fin konnen l demake F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la D a demake, li fin konnen l demake
Writer(s): Jean Brutus Derissaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out